Jezu Jezu Jezu
Alabanza & Carly Joseph
4:05Volonte w 1- Yèswa m eseye dòmi poutan je mwen te rete louvri, lespri m te chaje kesyon m pa t kapab jwenn pyès solisyon: Kibò lavi mennen m? Èske m ap viv pou m wè demen? Pafwa m mande yon ti kore fè m santi w pi pre, BonDye ... Pou mwen poze tèt mwen sou zepòl ou pou mwen fouye pi fon nan Pawòl ou, tanpri souple, pa kite m mache lwen volonte w. 2- M ap toujou sonje pwomès ki di w p ap janm kite mwen, poutan mwen konnen byen plezi kapab rale m byen lwen w, men w ap toujou tou pre m – erè, betiz mwen korije e plas mwen toujou rezève nenpòt kilè m t a deside ... Pou mwen poze tèt mwen sou zepòl ou, pou mwen fouye pi fon nan Pawòl ou tanpri souple, pa kite m mache lwen volonte w, volonte w. Kite m poze tèt mwen sou zepòl ou, kite m fouye pi fon nan Pawòl ou. Tanpri souple, pa kite m mache lwen volonte w pa kite m mache lwen volonte w, pa kite m mache lwen volonte w, pa kite m mache lwen volonte w, pa kite m mache lwen volonte w Pa kite m mache lwen volonte w Fen