Pa Kite Se Yo (Feat. Joseph Zenny Jr & Melo_Idiz)
Apachidiz
4:20Se kè'm ki ba w aksè antre nan vi'm Fè w konfyans nan yon pwen Pou dekouvri tout sekrè'm Lavi pa'm vin lavi pa'w Rapid menm yon segond m pat janm ezite M te kwè'w se kèm Ki fè'm ale m tounen M te toujou vle rete prè'w Menm lè nou fache n goumen Oh girl!! Ou fè'm vin pè renmen'w Se kè'm m kite mennen'm Rezon k fè'm pa janm jwenn chans renonse Se paske Kè'm rebèl Si jiska prezan w nan vim toujou (Li rebèl) Pou tout sa'w fèm mwen damou'w toujou (Kèm rebel) Malgre wap mal mennen'm Kèm kontinye bat pou ou toujou (Li rebèl) M vle chase'w nan tèt mwen Men'w still andedan kè'm baby! Chak jou m mande Bondye banm fòs poum sispann renmen'w M poko prè poum bliyew Lanmou pa banm wout poum mennenw Koz mwen ak kè'm toujou nan batay Se sak fem poko bat dada'm Si'm avèw se pa chwa'm se fòt kè'm oh Baby Paske'w fè'm vin pè renmen'w Se kè'm m kite mennen'm Rezon k fè'm pa janm jwenn chans renonse Se paske Kè'm rebèl Si jiska prezan w nan vim toujou (Li rebèl) Pou tout sa'w fèm mwen damou'w toujou (Kèm rebel) Malgre wap mal mennen'm Kèm kontinye bat pou ou toujou (Li rebèl) M vle chase'w nan tèt mwen Men'w still andedan kè'm baby! Depim renmen m renmen nèt cn cpachidiz yoow!!! Yon bon maten pou sa fini M konn fete m'anvi kouri Men kè'm rebèl li di'm non Rete la ret an plas la Ou pap fon pa M konn anvi yon lòt moun wi wi Pou gou lanmou fèm fè foli Men kè'm rebèl li di'm non Rete la ret an plas la Ou pap fon pa