À L’Infini (Feat. Tafa Mi Soleil)

À L’Infini (Feat. Tafa Mi Soleil)

Baky

Альбом: Rap Ap Rete Rap
Длительность: 4:14
Год: 2022
Скачать MP3

Текст песни

Manman, si lèzòm pa vle baw jistis pou sa yo fè’w subi

Fòk la nati detwi Lèzòm Avan lavi’w fini

Istwa’w twò tris pou rakonte, yon istwa’m wont ekri

Yon istwa’k a 14 ans jan lavi’w te detwi 

Istwa k komanse sa gen 4 mwa depi’w lè’w te viktim

Wap sot lekòl non’w kamyonèt bandi brake sou ou 

Yo pran’w yalavè’w, yo fin dwoge’w 6 nèg pase sou ou

Yo frape’w, vyole w, yo kite’w toutouni

Yo kitew sèl, bo lari, yo kite’w pouw mouri 

Brize,

Wap priye pou laviw pran fin

Menw jwenn kouraj pouw kontinye jiskaske’w vin konnen’w ansent

Ou tèlman wont sa moun ka di ou wont di moun

A 14 ans ‘w paka paran pask’en fait son timoun kap poton Timoun

Laviw depann don komes ki pap fè pwofi

So W’ap fè plan pou’w retire’m paske’w pa ganyen’w ka ofrim

Petèt sa’w viv yo ka denyè souvni’m

4 mwa nan vant ou, m ta vle viv menw pap kite’m so m bay istwa’n kòm yon dènye soupi 


Kòm suspann pale depi lè yo manyen li

Kijan pou m ba ou lavi, pandan m pa rete nan mwen

Oh lanmou ou pap janm ouvè je w isit

Se pa sa m ta vle chwazi

Mwen renmen w à l’infini


Alors, Se dènye jou’m nan vi’w dènye fwa nap Pale 

Men’w sou vant ou wap woule, ou vle santim Avanm ale 

Manman, Sim gon denye bagay poum diw, tankou denye kri

M tap diw kite’m viv, pa vle istwa’n fini an trajedi 

M ta vle grandi poum vin ba’w tout sa’w pat genyen 

Si Lèzòm se tout sa’w rayi, m ta vle vin tout sa’w ta renmen

M ta vle la lè’w ap tonbe M vle sèvi’w bra’k pou levew

Manman plz , tanpri kite’m viv, kite’m vin edew 

Ou diw pa vle pou Lèzòm vin fouyem  Non’w twou

Isiba gen twop mechan, Mond sa pa fèt pou moun tankou’n 

Petèt non’w lòt vi map bò boke’w

Men’w two renmen’m pouw ta kite sou tè kriyèl sa, tè modi sa pou’m ta mete pye’m

Tant sèkèy piti, w bzwen plis fòs  pou’w pote’l 

Wap fon mal pou byen, manman’m konnen se pa volonte’w

So m padone’w nenpòt saw deside

Wal jwenn doktè’k pou retirem nan vant ou tankou son pitit ki pat janm egziste

Wap kriye, m santi’m rive bout mwen

Nan vant oum te fin jwenn lavi, la’m pral bay dènye souf mwen

Tout istwa k kòmanse gen yon jou poul fini 

Au revwa manman,wa  konnen’m te renmen’w à l’infini