Notice: file_put_contents(): Write of 634 bytes failed with errno=28 No space left on device in /www/wwwroot/muzbon.net/system/url_helper.php on line 265
Emeline Michel - Pos Machan | Скачать MP3 бесплатно
Pos Machan

Pos Machan

Emeline Michel

Альбом: Ban'M Pasé
Длительность: 4:44
Год: 2012
Скачать MP3

Текст песни

Ou soti Pòs Machan
Ou pase riyèl Pikan
Ou rive sou channmas

Te kanp anba Desalin
M t ap kwaze yon lodyans
Oh, cheri, w vin ap pase

Ou gade m, mwen gade w
Ou souri, mwen souri
Cheri, m renmen w deja

Men lapli pa tonbe
Jaden w pa ka pouse
Yo fèmen rezèvwa

Mwen pa te dwe gade w
Ou pa te dwe gade m
Mwen pa te janm dwe ri avè w

Si lapli te tonbe
Anpil flè ta pouse
Nou ta ganyen lespwa

Mwen suiv ou pi devan
Nou pase devan Petyon
N al jouk dèyè tribin

Lannuit te fèk tonbe
Move je monte bwa
Wo-oh, manman! m anvi w deja

Ou mòde m
Mwen mòde w
Ou prije m, mwen prije w
Manman! al on bèl fèt!

Men lapli pa tonbe
Jaden w pa ka pouse
Wo-oh, yo fèmen rezèvwa

Ou pa te dwe gade m
Mwen pa te dwe gade w
Ou pat jan m dwe ri avè m

Si lapli te tonbe
Apil flè ta pouse
Nou ta ganyen lespwa

Mwen chita Rex kafe
M ap bwè ak moun de byen
Cheri, w tounen pase

Ou pwoche pou ou pale
Tout zanmi m yo bwaze
Wo-oh, manman! sa k ap pase

Mwen gade w, ou gade m
Mwen souri, ou kriye
Ou di m ou gwòs jou sa

Lò pitit lan va fèt
Si se yon ti milat
W a remèt li Babyòl

Ou pa te dwe gade m
Mwen pa te dwe gade w
Ou pa t janm dwe ri avè m

Si lapli te tonbe
Anpil flè ta pouse
Nou ta ganyen lespwa

Ou pa te dwe gade m
Mwen pa te dwe gade w
Ou pa t janm dwe ri avè m

Jaden w pa ka pouse
Lapli pa ka tonbe
Yo fèmen rezèvwa

Mwen pa te dwe renmen w
Ou pa te dwe renmen m
Mwen pa t janm dwe rankontre w

Si lapli te tonbe
Anpil flè ta pouse
Nou ta ganyen lespwa

Nou ta ganyen lespwa
Nou ta genyen lespwa
Nou ta ganyen lespwa