Notice: file_put_contents(): Write of 663 bytes failed with errno=28 No space left on device in /www/wwwroot/muzbon.net/system/url_helper.php on line 265
Gabel - Pitit La Fèt (Feat. Master Brain) | Скачать MP3 бесплатно
Pitit La Fèt (Feat. Master Brain)

Pitit La Fèt (Feat. Master Brain)

Gabel

Альбом: Pitit La Fèt
Длительность: 4:45
Год: 2024
Скачать MP3

Текст песни

Siw poko ka fè timoun
Pa bliye Bondye granmoun

Dlo nan Zye'n mouye zòrye'n
Nan lapriyè Jenou'n kraze
Rele tout Saint rele Bondye
Nou fè pelerinaj pou nou jwenn yon bebe
Nan Lopital la nou rete
Rezilta yo pat janm chanje
Men nou pat janm dekouraje
Paske pawòl doktè pa pawòl Bondye

A Chak Fwa nou panse nou fè GÒL
Aprè 2 3 mwa nou pral pèdi yon lòt
nou te tris men nou te Gen pasyans
Rete pozitif and respekte lasyans
Bondye fè'm pat doute w Bondye
Gade Kijan nap selebre

Pitit la Fèt
Ay Gad Kijan m pral souke Bebe
Pitit la Fèt
Ayay jwe a Bebe Gaye Bebe
Pitit la Fèt
Ayayay yo Mèt rele m pat espere
Pitit la Fèt
Gade marenn gade parenn kap tann

Kèm Kontan
Depi lèm fin kenbe w nan Bra mwen baby
Kèm kontan
Premye Kri'w mete dlo nan yeux mwen
M pa bezwen konn saw pral di avan
Si se papa oubien manman
Fòk ou grandi de tout fason nap tann
Bondye fèm pat doute Bondye
Gade Kijan nap selebre

PITIT LA FÈT
Ay Gad Kijan m pral souke Bebe
PITIT LA FÈT
Ayay jwe a Bebe Gaye Bebe
PITIT LA FÈT
Ayayay yo Mèt rele m pat espere
PITIT LA FÈT
Gade marenn gade parenn kap tann

Bebe Grandi

Huhh Huhh
Bèl bebe
Ay Ay Ay gad'on pitit mwen genyen
Bout Bebe

Siw poko ka fè timoun
Pa bliye Bondye granmoun
Kontinye frape
Lap ouvri lè'l vle

Siw poko ka fè timoun
Pa bliye Bondye granmoun
Kontinye frape
Lap ouvri lè'l vle

Ok kounya tande m Bèl titit de papi
Si prezans ou fèm Kriye
Konn se Paske m happy
Mèsi Lasyans Mèsi Bondye
Mèsi Lanati
Ou fèm souri ou fèm pè mouri
Ou fèm renmen Lavi
Map renmen w map pwoteje w
Menm kont Lougawou
Map fè tout Sak posib
Nenpòt saw bezwen poum ba ou'l
Wa eskize m wi pitit mwen sim sèmante sou ou
Ke tonnè kraze m tonnè boule m
Pa Gen anyen m pap fè pou ou
E map priye pouw saj
Respekte manman'w a papa'w
Paske siw fè dezòd wap pran 2 ti tap nan dada'w - PAW PAW
Sou men Goch - PAW PAW
Sou men dwat
Siw Kriye m'a fè ti ba pou ou pou konsole'w - BAW BAW

Bèl bebe
Bèl ti pitit
Ay Ay Ay Gad'on pitit mwen genyen
Bout bebe

Ou se yon Gras
Yon Kado
Yon benediksyon ki sot anwo
Ou se kè'm
Ou se san mwen
Rezon k fè mwen pè bay Lavi do
M renmen w pitit mwen

Siw poko ka fè timoun
Pa bliye Bondye granmoun
Kontinye frape
Lap ouvri lè'l vle

Siw poko ka fè timoun
Pa bliye Bondye granmoun
Kontinye frape
Lap ouvri lè'l vle

Master brian
Music MASTER BRAIN
Lyrics & Arrangements
MASTER BRAIN & KATALOG
Prod NELO VILLE