Lanmou
Harmonik
4:54Nou te kapab fè pi byen Kapab fè pi byen Pou yon bon demen (Yon pi bon demen) Si nou chwazi pou'n renmen Yon fwa ou byen plizyè fwa (L'ap vo yon Milyon fwa) Se pou nou padone youn lòt (Lè nou pare pou'n bliye) (Sa se sèl solisyon) (Li lè pou nou pare) Nou santi nou pare Pou'n renmen youn lòt Nan respè Na gen pou'n viv yon lòt fason Nou santi'n anbake poun fè yon sèl fòs Mwen menm avè'w N'a gen pou'n viv lanmou vanyan An'n viv lavi a paske se Yon kado Li tèlman fasil pou renmen Renmen pa janm fèt an ven Renmen tèlman vle renmen'w Si'n chwazi padone youn lòt Yon fwa ou byen plizyè fwa L'ap vo yon Milyon fwa (Li lè pou nou pare) Nou santi nou pare Pou'n renmen youn lòt Nan respè n'a gen pou'n viv yon lòt fason Noun santi'n anbake pou'n fè yon sèl fòs Mwen menm avè'w N'a gen pou'n viv lanmou vanyan An'n viv lavi a paske se Yon kado He-hey! (oh-oh-oh-oh) Renmen se don nou tout posede Nou pa gen plas pou la haine vin anchene (Vin anchene) (Vin anchene) Move lespri Pa ka fè'n doute Nou gen tout dwa'n pou lanmou pèsevere (Pèsevere) (Pèsevere) Nou tout sivilize nou tout ap evolye An'n trase egzanp pou lòt yo Trase egzanp pou lòt yo Chaje pepinyè fò'n f'on jan pou yo wè klè Ann trase egzanp pou lòt yo Trase egzanp pou lòt yo Renmen s'on kado pou'n pataje Nou pa gen plas pou la haine vin anchene (Vin anchene) (Vin anchene) Move lespri Pa ka fè'n doute Nou gen tout dwa'n pou lanmou pèsevere (Pèsevere) (Pèsevere) Nou tout sivilize nou tout ap evolye An'n trase egzanp pou lòt yo Trase egzanp pou lòt yo Chaje pepinyè fò'n f'on jan pou yo wè klè An'n trase egzanp pou lòt yo Trase egzanp pou lòt yo (Renmen e Padone) (Renmen e Padone) (Renmen e Padone) (Renmen e Padone) (Renmen e Padone) (Renmen e Padone) (Renmen e Padone) (Renmen e Padone)