Kanse
Kai
5:30Kite mennaj ou Kite mennaj ou Kite mennaj ou, kite mennaj ou Kite mennaj ou Li pa fasil pou m di E mwen pè jan w ka reyaji Li difisil (oke) Mwen pa vle w kouri (oke) Mwen pa ka tande w soufri Mwen two sansib pou ou, cheri Li difisil (oke) Mwen vle pou w ka d ou pou m Dat m ap gade w Dat m ap soufri Dat m anvi di w tout sa mwen santi Se vle mwen pa ta vle (se vre) Gache amitiye n Men w merite plis ke sa (men w merite plis ke sa) Mwen toujou prè pou mwen di w sa Cheri, kite mennaj ou (kite mennaj ou) Vin jwenn mwen (vin jwenn mwen, cheri) Cheri, kite mennaj ou (you gotta let go, go, go, cheri) Cheri, kite mennaj ou (kite mennaj ou) Vin jwenn mwen (vin jwenn mwen, cheri) Kite mennaj ou Eh, li pa fasil pou m di Men li lè pou w reyalize ke m toujou bo kote w (kote w) Chak fwa ke l abandone w (done w) Mwen te toujou pi bon zanmi w Se avantaj ke mwen gen sou li Mwen konn sa k fè w plezi (oke) Lanmou m pou ou p ap janm fini Dat m ap gade w (cheri) Dat m ap soufri (se vre) Dat m anvi di w tout sa mwen santi Se vle mwen pa ta vle Gache amitiye n Men w merite plis ke sa (men w merite plis ke sa) M toujou prè pou mwen di w sa Cheri, kite mennaj ou (kite mennaj ou) Vin jwenn mwen (vin jwenn mwen) Cheri, kite mennaj ou (you gotta let go, go, go, cheri) Cheri, kite mennaj ou (kite mennaj ou) Vin jwenn mwen (vin jwenn mwen, cheri) Kite mennaj ou Lage l la Nou pa fè fo mouvman, tonnè! Nou f on lòt mouvman Li pa twò ta Non, li pa twò ta Pou kite yon moun antre nan vi w Pou l ka ba ou sa w merite Li pa twò ta Non, li pa twò ta Pou kite yon moun antre nan vi w Pou l ka ba ou sa w merite (èh, zikizi-kizaw) Ou pa bezwen yon nèg k ap fè w pase mizè (ou pa bezwen) On nèg k ap ba w manti, k ap fè pase anlè (ou pa bezwen) Ou pa bezwen yon nèg k ap fè w wè tou koulè (ou pa bezwen) Ou pa bezwen (ou pa bezwen) ou pa bezwen (ou pa bezwen) On nèg ki prè pou met lavi tèt anba (ou pa bezwen) Yon nèg ki pa janm vle mennen w danse konpa (ou pa bezwen) Yon nèg ki pa janm ka rive mete w sou sa (ou pa bezwen) (Pa bezwen, pa, pa, pa bezwen) Djebi Gad on vayb, manman Li pa twò ta Non, li pa twò ta Pou kite yon moun antre nan vi w Pou l ka ba ou sa w merite, cheri (èh, zikizi-kizaw) Ou pa bezwen yon nèg k ap fè w pase mizè (ou pa bezwen) On nèg k ap ba w manti, k ap fè pase anlè (ou pa bezwen) Ou pa bezwen yon nèg k ap fè w wè tou koulè (ou pa bezwen) Ou pa bezwen (ou pa bezwen) ou pa bezwen (ou pa bezwen) On nèg ki prè pou met lavi tèt anba (ou pa bezwen) Yon nèg ki pa janm vle mennen w danse konpa (ou pa bezwen) Yon nèg ki pa janm ka rive mete w sou sa (ou pa bezwen) (Pa bezwen, pa, pa, pa bezwen) Yaya (hah) Kai li ye tonton (Kai li ye tonton) Cheri, kite mennaj ou (kite mennaj ou) Vin jwenn mwen (vin jwenn mwen, cheri) Cheri, kite mennaj ou (you gotta let go, go, go, cheri) Cheri, kite mennaj ou (kite mennaj ou) Vin jwenn mwen (vin jwenn mwen, cheri) Kite mennaj ou