Ti Mari
Luck Mervil
4:09Nou bezwen lanmou Yo ban nou malè Nou bezwen la pè Yo ban nou la guè Nou bezwen travay Yo vle nou mande Nou bezwen vanse Yo met chenn lan pie n Nou bezwen respè Yo pa prann pou mounn Nou bezwen pale Yo met pie sou kounn Nou vle libète Yo bann religyon Nou vle tèt ansanm Yo se divizyon Konbyen ti mounn ki pou n pèdi Anvan ti dlo koule lan ge n Koubyen ayisyen k pou mouri Anvan n deside leve pie n Konbyen tire di m konbyen mò Anvan chèf tounen sèvitè Konbyen viktim, ak konbyen kò Anvan nou rele se t ase! Konbyen ti zanj ki pou peri Anvan nou konprann fòs la vi Konbyen krye konbyen tanpri Anvan pou mizè nou fini Konbyen violans ak san fanmi Anvan n kaba ak mal fini Konbyen chante konbyen pwezi Anvan nou renmen Ayiti Nou bezwen sante Yo bann kolera Nou bezwen mange Yo ban nou fatra Nou vle abiye Yo ban nou pèpè Nou bezwen leve Yo mete n atè Nou vle makonen Yo pa wè l konsa Bezwen wè demen Yo touye lespwa Nou bezwen zanmi Yo fè nou lenmi Nou bezwen grandi Yo vle nou peri Konbyen ti mounn ki pou n pèdi Anvan ti dlo koule lan ge n Koubyen ayisyen k pou mouri Anvan n deside leve pie n Konbyen tire di m konbyen mò Anvan chèf tounen sèvitè Konbyen viktim, ak konbyen kò Anvan nou rele se t ase! Konbyen ti zanj ki pou peri Anvan nou konprann fòs la vi Konbyen krye konbyen tanpri Anvan pou mizè nou fini Konbyen violans ak san fanmi Anvan n kaba ak mal fini Konbyen chante konbyen pwezi Anvan nou renmen Ayiti Anvan nou renmen Ayiti Li lè pou n renmen Ayiti Mwen vle wè n renmen Ayiti Ayiti Ki lè nap renmen Ayiti Wi fòk nou renmen Ayiti Li lè pou n renmen Ayiti