Dejenerasyon
Majik Click
4:09Woh woh woh woh woh woh woh woh... () Poh poh poh poh poh poh poh poh poh...() Doc Filah Sajès plis silans kote gete Abiye alantou'n ak yon bèl manto vè Pra'l pandan prentan pou prepare bote l'été Pou tann cirque sa fèmen ak yon natirèl tablo Vid ak yon limyè an konstans o zenith kote fòs Mal pa ka blondi yo Positivité jwenn, possibilité vaincre, Négativité vaine, Méditation se sèl pòt ki louvri pou tande vwa silans k'ap pale avè'w Pou kontwole mezi aksyon'w, dezi pasyon'w Pou swiv wout byen san ezitasyon Konesans fè'w konprann Tolerans fè'w pran san'w pou'w padone Tandike emosyon se konsekans lè'w pantan Sou reyalite'w mwen reyalize konprann sans Vi pa'w itilize endèks pou fè klik dwa sou Bib la epi yon bat je wap dekouvri Majik Silans Li pale yon langaj kòde kote bon sans se sèl kle pou dekode'l Plis ou pale plis ou sa pataje sa'w konnen Men se plis ou gen chans pou sa di sak pa bon Pou yon bon apranti fò'w k konn swiv Pou byen aprann ekri fò'w k konn li Pou byen aprann dekri fòw k konn swiv, yow! Si silans pa't konn pale pèsòn pa tap dekouvri Lapawòl pe louvri anpil pòt kondane Poh poh poh poh poh poh poh poh poh... () Menm lè yo eseye defini'l kòm yon absans d'bri Gen anpil bagay pou'w aprann de li Ak sans ou dwe swiv Swiv swiv li nan nou lap pale avè'n Rezilta yon pafè fonksonman ògàn yo kap mache avè'n Dèfwa pa gen pou'w al rapòte anyen Pale anyen, ak lan la li pral' raple'w an byen Sa yo di fwa'w vyen de sa'w tande Sa'w tande vyen de talk code Men kisa'l ye? Se "Silans!" se puisans Lè'w konn koman pou tande'l Se jwisans ou vin dekouvri'l Anndan'w kòm pi gwo lisans Ou vin gen pasaj sou tout espri yo chase Yo klase'l kòm mo ki fè silans, men'k éklate! Bricks Se pa tout bagay ou wè ou reyaji Pa panse fè bri pral' fè sa retabli Dèfwa yon senp rega Dèfwa yon senp sin Ou ka bezwen sèl sa pou met pwen sur les i Silans konn pale nan tout sans Tankou byen ou mal e'l baze nan tout branch Majik Click fè silans pou li ba'w klasik sa E nou fè twòp silans ki fè peyi nou eta sa Han! Ou ka ap priye, chak jou wap brase Men où reyalize anyen pa janmè chanje Ou gen tèt kase ou pa konn ki pòt pou'w frape Fè shuttttt! W'a tande silans kap pale...