Djo Ak Ti Djo Map Di
Coupe Cloue
Stephanie son bèl ti fanm Li klere pase yon flanm Li wè l gen bèl ti koulè Avèk bon ti kou cheve Li pa pran tan reflechi Li gentan panse I son don Tande sak rive I Achte bèl ti bout jup Makiye fè bèl pwogram Se sak fè aktyalitel Tcheke bon ti jèn jan fre Li panse li gen relasyon Sepandan li pat janm konprann Se yon kou tout nèg tap fè Oh oh tande sak rivel Oh oh ti cheri fon poze Stephanie son paspatou Yo site non l toupatou Li poste ak tout djèdjè Li vire ak tout lepè Li tounen yon kat make Tout gason ap demakel Jodia manmzèl regrèt Depi nèg yo finn pyafe Yo toujou kouri kitel Stephanie dil pa gen chans Paskel pa janm jwenn romans Se kounya li reyalize Vagabondaj pa metye Ti cheri föw fon poze STEPHANIE Manyen ret chita lakay ou STEPHANIE Pa kite nèg yo monte sou ou STEPHANIE Ou paka tout tan se bay bay bay STEPHANIE