Notice: file_put_contents(): Write of 624 bytes failed with errno=28 No space left on device in /www/wwwroot/muzbon.net/system/url_helper.php on line 265
Tafa Mi-Soleil - Ogou O | Скачать MP3 бесплатно
Ogou O

Ogou O

Tafa Mi-Soleil

Альбом: Ogou O
Длительность: 5:03
Год: 2024
Скачать MP3

Текст песни

Ogou O

Adye baba ou pa sav nan ki tray tchyovi w la pran la a 
O papa ou ja wè tchyè yo nwa 
Fyèl mwen bouske rèl
Men nanpwen vwa ankò pou kriye 
Alòs pran ka mwen 
Pran ka mwen 
Ogou pran l

Ogou o 
Ogou o 
Feray mwen o 

Ogou o
Ogou o
Feray mwen o

Ou wè tout pyèj yo tann pou mwen 
Ou wè tout sa zòt di sou mwen 
Ki mele mwen si yo babye 
Se pwen mwen an yo anvye 
Ki mele mwen si yo babye 
Se pwen mwen an yo anvye 
Ala radiyès o nan lakou w la 
Ki frekansite sa nan lakou w la 
Men pwen an move 
Feray mwen nan tèt mwen 
M pa pè ti pale 

Lè lwa va monte mwen 
Ala ma mache 
San tranble douvan yo 
San tranble douvan yo 
Ma vs mache pòs mwen
Ma leve jipon mwen 
Lakou manman m pou mwen 
Lakou manman m pou mwen

Ma va pran konba m 
San manke moso 
Ma va kanpe djanm 
Lè w va mete pye 
Ma va pran konba m 
San manke moso 
Ma va kanpe djanm 
Lè Ogou va mete pye 

(Solo)

Ma va pran konba m 
San manke moso 
Ma va kanpe djanm 
Lè Ogou va mete pye 

Ogou o 
Ogou o 
Feray mwen o 

Ogou o 
Ogou o 
Feray mwen o

Ogou oooooo
Ogou ooooooo

Men lè lwa va monte mwen 
Ma mache ma mache ma mache 
Ogou pran ka mwen 
Pran ka mwen 
Mwen di w pran ka mwen

Ogou Feray 
Ogou badagri 
Ogou Feray 
Ogou badagri 
Ogou Feray 
Ogou badagri 

Pran ka mwen
Pran ka mwen

Lè lwa a va monte mwen 
Ala ma mache 
San tranble douvan yo 
San tranble douvan yo

Ma va mache pòs mwen
Ma leve jipon mwen
Lakou manman m pou mwen

Ma va pran konba m 
San manke moso 
Ma va kanpe djanm 
Lè Ogou Va mete pye 


Ma va pran konba m 
San manke moso 
Ma va kanpe djanm 
Lè Ogou Va mete pye