Sa Plis Ke Love (Feat. Vanessa)
Tobby
Premya fwa jem tonbe nan je li Touswit m santil pou mwen Efè sa m paka esplike li Son fòs ki twòp pou mwen Men se yon lanmou ki gon gou diferan Son lanmou k sweet Ki rann mwen gouman Saw banm lan okenn imen pa meritel E w ban mwen l san mezire Ou tèlman plen kèm ak on lanmou ki dousss Fè lòlòj mwen vire Vire vire Yon lanmou k trè sikre Sikre sikre Son dous makos M kole e mpa kapab bouje Ou gou dousè Pyem kite tè, kèm palpite Nou mèt bal tout defo Plis nap pale plis map eme l Lanmoul dous kou siwo o I just can't get enough Saw banm lan okenn imen pa meritel E w ban mwen l san mezire Ou tèlman plen kèm ak on lanmou ki dousss Fè lòlòj mwen vire Vire vire Yon lanmou k trè sikre Sikre sikre Fè lòlòj mwen vire Souse sirèt niche babinn Wi mrenmenw Tout lot saw tande se bobinn Wi m renmenw Santimantalman msoufri dyabèt sikre Mkontan tankou timoun kap manje dous nan yon lakou rekre Msoufri anemi twop move lanmou ki bwe sanm M'make twop pa sou plas Yon seri move chwa ki bwè tanm Jodia mwen vin poze tou dousman Nan de pla men kèw ki dous tankou yon dous mant M pase twòp lanmou peze souse Jodia map chach'on lanmou ladous ki vyen kenep M pase twòp lanmou mache prese Jodia mvle yon lanmou twoubadou anba fenèt Mwen vin ofriw yon lanmou dous lèt Yon lanmou pwop lejè Yon lanmou gout lèt Mwen vin ofriw yon lanmou san zikòs Yon lanmou san repwòch Yon lanmou dous makòs Saw banm lan okenn imen pa meritel E w ban mwen l san mezire Ou tèlman plen kèm ak on lanmou ki dousss Fè lòlòj mwen vire Vire vire Yon lanmou k trè sikre Sikre sikre Fè lòlòj mwen vire