Notice: file_put_contents(): Write of 600 bytes failed with errno=28 No space left on device in /www/wwwroot/muzbon.net/system/url_helper.php on line 265
Vayb - Poto | Скачать MP3 бесплатно
Poto

Poto

Vayb

Альбом: Game Over
Длительность: 5:18
Год: 2018
Скачать MP3

Текст песни

Jounen'm fenk kòmanse
M'paka tann pou'm lage
Pou'm finn ponnche pa vle rete
Mwen menm bliye manje
Pou jan fanm sa move
M'paka tann pou'm kwaze'l
Adye (m'paka tann lè a rive)

Mwen paka tann (mwen di'w mwen paka tann)
Rive sou mwen cheri (kè mwen sou biskèt bebi)
Mwen paka tann (lè a rive cheri mwen paka tann)
Mwen paka tann (mwen di'w mwen paka tann)
Rive sou mwen cheri (di mwen kote'w ye bebi)
Mwen paka tann
Mezanmi kote'l ye li poko janm ka rive a

Mwen gentan mete'm byen fre (uh huh)
M'santi bon tout bon vre (uh huh)
M'ap tann kilè pou'l rele'm pou'l di'm li rive
Strès la just anraje (uh huh)
M'pa konn sa'k pral rive (uh huh)
Adye (m'paka tann lè a rive)

Mwen paka tann (mwen di'w mwen paka tann)
Rive sou mwen cheri (kè mwen sou biskèt bebi)
Mwen paka tann (lè a rive cheri mwen paka tann)
Mwen paka tann (mwen di'w mwen paka tann)
Rive sou mwen cheri (di mwen kote'w ye bebi)
Mwen paka tann

Lè a rive wi la
Tan mare, van ap soufle
Cheri'w pa ka lage'm konsa
M mate atè a tankou on ti boul, bip
Men l'ap vini, men l'ap vini
Ahh nap tann toujou
Santi bon sa koute'm chè papa

Ou mete'm chita m'ap tann ou
Menm on mesaj ou pa voye
Te finn ban'm espwa, di mwen kisa'k pase
Ou mete'm chita m'ap tann ou
Pito'w te di'm ou pap vini
Ou ban'm fo espwa, di mwen kisa'k pase
Kisa ki rive

(Gadon poto)
Poto, EDH met limyè sou mwen
(Gadon poto)
M'tèlman poto, vòlè kouran ka vinn pran priz sou mwen
(Gadon poto)
Poto, men cheri ou blaze'm
(Gadon poto)
Nan kisa m'pran la

Ou mete'm chita m'ap tann ou
Menm on mesaj ou pa voye
Te finn ban'm espwa, di mwen kisa'k pase
Ou mete'm chita m'ap tann ou
Pito'w te di'm ou pap vini
Ou banm fo espwa, di mwen kisa'k pase
Kisa ki rive

M'antrave, m'antrave, m'antrave, cheri mwen mele
M'antrave, m'antrave, m'antrave, cheri mwen mele

(Gadon poto)
Poto, EDH met limyè sou mwen
(Gadon poto)
M'tèlman poto, vòlè kouran ka vinn pran priz sou mwen
(Gadon poto)
Poto, men cheri ou blaze'm
(Gadon poto)
M'genle domi deyò