Ranplase (Feat. K-Dilak Mesaje A)

Ranplase (Feat. K-Dilak Mesaje A)

Vayb

Альбом: Mayday
Длительность: 5:39
Год: 2023
Скачать MP3

Текст песни

RANPLASE
Lyrics : K-dilak Mesaje a, Mickael Guirand

Si w wè mwen la m ap griyen dan ba ou
Sa pa vle di m pa konn anyen de ou
Te vle pase tout tan mwen nan bra ou
Men vye aksyon w fe m limite tan ou

M Konn tout sa w fè m konn jan w betize m
epi ou la w ap montre w bò kote m o
Mwen la toujou paske m metrize m
M pa egare m pap ret pou m ba w kofre m
O pa enkyete w

Ref:
Si w wè nan vi m poko ranplase w
M poko jwenn pi bon pase w
Si w wè nan vi m poko efase w
Poko jwenn pi bon pase w

Se pa bon w bon konsa vre tande
M poko jwenn pi bon pase w


Si vid mwen yo pa konble
Nòmal pou kè mwen an konje
Twòp tan santiman m ap ranpe
Mwen pap kanpe
Fò m jwenn sa kè m mande
Bouke sipliye w
Bouke sitire w gyal
M Bouke ti kriye w
Ou Boule diyite w mal
Ou te fin limen m ou menm ki etenn mwen
M te pran w pou chans ou menm ki devenn mwen

M Konn tout sa w fè m konn jan w betize m
epi ou la w ap montre w bò kote m o
Mwen la toujou paske m metrize m
M pa egare m pap ret pou m ba w kofre m
O pa enkyete w

Ref:
Si w wè nan vi m poko ranplase w
M poko jwenn pi bon pase w
Si w wè nan vi m poko efase w
Poko jwenn pi bon pase w

Se pa bon w bon konsa vre tande
M poko jwenn pi bon pase w


Ti cherie sipann domi tande (reveye w)
Gen lòt ki ka bay plezi tande (leve pye w )
Pa vinn pran poz ou sezi tande

Mezanmi O gadon w sezisman

Woy Woy Woy (bis)

Wooy woy woy
Sa w pata panse
Li ka ban mwen l

Tout sa w neglije
Son w espas ou kite

Wooy woy woy
Si w pa ban mwen tan
Li ka ban mwen l

Si w ta ban m do
Ap gon w lòt ki vle la pou mwen

Men karès ou pa vle bay la
Li ka ban mwen l
Men lajan w pa vle bay la
Li ka ban mwen l
Men afeksyon w pa vle bay la
Li ka ban mwen l
Men ti tan w pa vle bay la
Li ka ban mwen l

ti flè ou pa vle bay la
Li ka ban mwen l
Ti bobo w’ pa vle bay la
Li ka ban mwen l
Ti lambi w pa vle bay la
Li ka ban mwen l
Pouki m’ap mandye w

Wooy woy woy
Sa w’ pata panse
Li ka banmwen l

Tout sa w neglije
Son w espas ou kite

Wooy woy woy
Si w pa ban mwen tan
Li ka ban mwen l

Si w ta ban m do
Ap gon w lòt ki vle la pou mwen

ti flè ou pa vle bay la
Li ka ban mwen l
Ti bobo w’ pa vle bay la
Li ka ban mwen l
Ti lambi w pa vle bay la

Mezanmi O gadon w sezisman