Hasta La Vista
Zin
5:25Jenès ou pral fini Kounyea, ou pral rantre nan lavi Eksperyans ou gen Fè w fini pa wè Sa w pa konnen pi gran pase w E li pa janm twò ta pou aprann Renmen ak senkant fi Pa vle di ou matcho pou sa File w file yon zegwi Pa vle di ou konn koud o Se lè ou nan pwoblèm ou va wè Kote ou bout, ki sa pou w kwè Pa ret chita Chache travay Ou gen bagay pou wè Pa ret chita Chache konnen Gen bagay pou aprann Jenès ou pral fini Kounyea, ou pral rantre nan lavi Eksperyans ou gen Fè w fini pa wè Sa w pa konnen pi gran pase w E li pa janm twò ta pou aprann Pa ret chita Chache travay Ou gen bagay pou wè Pa ret chita Chache konnen Gen bagay pou aprann Kat la bat, kat la koupe Se mare tèt ou sere Tout koukou klere pou je l Fò w pa kite chans ou pase Se aprann pou w kab konnen Se travay pou yon moso pen Pa ret chita tann demen Jou ki pase pap janm tounen Ha ha Kat la bat, kat la koupe Ha ha ha Se mare tèt ou sere Ha ha ha Tout koukou klere pou je l Fò w pa kite chans ou pase Ha ha Se aprann pou w kab konnen Ha ha Se travay pou yon moso pen Ha ha ha Pa ret chita tann demen Jou ki pase pap janm tounen Waya waya wa, wayaaaaaa Travay pou aprann Waya waya wa, wayaaaaaa Aprann pou konnen Waya waya wa, wayaaaaaa Konnen pou rive Waya waya wa, wayaaaaaa Kat la bat, kat la koupe Se mare tèt ou sere Tout koukou klere pou je l Fò w pa kite chans ou pase Se aprann pou w kab konnen Se travay pou yon moso pen Pa ret chita tann demen Jou ki pase pap janm tounen Ha ha Kat la bat, kat la koupe Ha ha ha Se mare tèt ou sere Ha ha ha Tout koukou klere pou je l Fò w pa kite chans ou pase Ha ha Se aprann pou w kab konnen Ha ha ha Se travay pou yon moso pen Ha ha ha Pa ret chita tann demen Jou ki pase pap janm tounen Waya waya wa, wayaaaaaa Ou va travay pou aprann Waya waya wa, wayaaaaaa Aprann pou konnen Waya waya wa, wayaaaaaa Konnen pou rive Waya waya wa, wayaaaaaa