Kok
Zin
4:41Ou te di mwen, ti cheri W ap fè m rive nan paradi San reflechi, mwen di w wi Kè mwen pou ou, pou tout lavi Depi jou sa a pase Lanmou w pou mwen vini chanje Lè sa m reyalize Pawòl ou pa te verite Pale w, pale w, pale Jouk tan kè mwen chavire Kè mwen chavire, doudou Chak fwa ou pale Pale w, pale w, pale Jouk tan kè mwen chavire Ti mo, ti pawòl ou, chouchou, pote m ale Pale w, pale w, pale Jouk tan kè mwen chavire Lè lang ou vire, doudou Mwen dekontwole Pale w pale w pale Jouk tan kè mwen chavire Kè mwen chavire e e Ou pale jouk ou depale Pale tout pawòl pou pale Pawòl ki kab fè mwen reve Ki fè m vibre Pale pasi pala Pale sesi sela Nenpòt ki fi te kab panse Pawòl se verite Ti bwa w kase nan zòrèy mwen Gen tan fin vire lòlòj mwen E se konsa mwen fin pa reyalize Se depale ou te vle fè m depale Ou chavire m tèt anba Ou fè mwen san pouvwa M louvri je m byen gran M wè m pran nan twa wa Kounye a m ape, m ape, m ap eseye Pa pran koutba Wi mwen di Mwen pa pe pran koutba Ti bwa w kase nan zòrèy mwen Gen tan fin vire lòlòj mwen E se konsa mwen fin pa reyalize Se depale ou te vle fè m depale Haa, men bagay la W ap fè m, depale Dezòd Pawòl sou pawòl Manti sou manti Je ne veux pas de ce fromage Paske m konnen W ap ban m koutba M ap ba w koutba No M ap ba w koutba Mhm mhm M ap ba w koutba An an M ap ba w koutba No no no no honey M ap ba w koutba An an M ap ba w koutba No no no way M ap ba w koutba No bebi M ap ba w koutba Mhm mhm Pale w pale w pale Jouk tan kè mwen chavire Kè mwen chavire, doudou Chak fwa ou pale Pale w pale w pale Jouk tan kè mwen chavire Ti mo ti pawòl ou Chouchou, pote m ale Pale w pale w pale Jouk tan kè mwen chavire Lè lang ou vire doudou Mwen dekontwole Pale w pale w pale Jouk tan kè mwen chavire Kè mwen chavire e e