Notice: file_put_contents(): Write of 626 bytes failed with errno=28 No space left on device in /www/wwwroot/muzbon.net/system/url_helper.php on line 265
Barikad Crew - Toutouni | Скачать MP3 бесплатно
Toutouni

Toutouni

Barikad Crew

Альбом: Toutouni
Длительность: 5:24
Год: 2021
Скачать MP3

Текст песни

Yeah, (BC)
Di yo sa!
BC ap sonnen on lòt jan wi la!

Menaj mwen di m ann trip, l ap ban mwen tay li pou m pyafe
Fòk mwen ta toup pou li san fè teyat, tous les bagay li vle
Pou m montre m tòf, m di l, cheri, m pral ba w yon bon jan terapi
K ap fè w toudi, anyen w p ap ka di, poutan l te gentan toutouni

Gade jan nou ret chita ap gad sosyete a k ap depafini
Gade jan kounye a preske tout ayisyen pa respekte lavi
Gade jan, nan nou, lanati, katastwòf li yo fè n peye pri
Gade jan timoun san fanmi ap domi nan lari toutouni

Nou ka chanje sa
Si n aplike lafwa
Nou deja an reta
Pou lavi n ka gen sans
Fòk nou tout pran konsyans

Chak lè n sinistre (anh)
Se lòt moun n ap mande (brit)
Fòk gen inite, nasyon sa pa ka divize (yes)
N ap poze tèt nou kesyon, kiyès k ap dirije
Nou pa pè imilye
Kilè n ap devlope

Yo pa vle ankandre, yo fache lè n pale
Y ap kraze, n ap gade, yo pa vle peyi n vanse
Ta sanble nou kondane
Rasanble pou n ka chanje tout sa nou wè ki pa bon k anpeche n pwogrese

Èske peyi n lan k pa gen Leta?
Ki fè tèt mòn yo pa gen pyebwa
E tout lari yo chaje fatra
Annou met ansanm pou nou chanje sa

Oh-oh, peyi a toutouni
Kès Leta toutouni
Fòs pèp la toutouni
Lopital toutouni
Lekòl yo toutouni
Lajenès toutouni
Kilti nou toutouni
Anviwònman nou toutouni

Tout yon sistèm m wè k kraze
Yon peyi m wè k prale
Tout yon jenès k ap vann kò yo tankou kann ki tou kale
E tout konsène yo ap gade
Enh-enh! y ap pyafe
Koze tèlman anpil, m pa gen djòl pou m pale

Yow, tout etranje sou pran piyay
Vin foure men yo nan granmoun nan (di yo e pa la a)
Non, non, e pa fòlman non
Mwen, m ap veye kò m, ranje kò m pou bagay pa m pa kale papa
Pou fanm k ap toutouni, m pral kale je m ap gade papa

Tèlman n kwè nan yo, yo di nou tou rete toutouni
Medam yo met vye teni, mesye yo ret tou toudi
Jèn yo plis kwè nan vye plezi, olye yo kenbe liv pou li
Menm lè nou poko kouri, tèt pifò nan nou pati

Yow! Pa bliye Ayiti se pa m, se pa w, se pa nou tout li ye
Pwoblèm yo se pa m, se pa w, nou tout nou pa dwe repliye
Chak ane BC toujou mete ansanm pou di n respekte (oh, yeah)
Menm si dat premye Janvye nèg yo pa respekte

Èske peyi n lan k pa gen Leta
Ki fè tet mòn yo pa gen pyebwa
E tout lari yo chaje fatra
Annou met ansanm pou nou chanje sa

Oh-oh, peyi a toutouni
Kès Leta toutouni
Fòs pèp la la toutouni, lopital toutouni
Elèv lekòl yo toutouni
Lajenès toutouni
Kilti nou toutouni, Anviwònman nou toutouni

Oh-oh, lavi pa fini
Si nan kè an nou
Genyen lanmou
Oh-oh, oh-oh, oh-oh
Oh-oh, oh-oh
Oh-oh, oh-oh

Pa kriye
Pa rele
Se ti mesye yo ak ti medam yo ki fin awoyo
Sou tout facebook yo ak instagram yo plen videyo

Oh, ah, ah, oh, ah, ah
(Senatè, depite, majistra, tout moun toutouni)
Oh, ah, ah, gad on traka pou mwen
(Nèg a vès yo, ti bredjenn yo, ti medam yo, tout moun toutouni)

Si n renmen BC, retire mayo w, vire l anlè
(Tonnè! tout moun nèt toutouni)
Vire l vire l, fè l tankou vantilatè
(Woy! tout moun nèt toutouni)
Chofe, nou chofe, pi rèd pase lanfè
(Madan Sara, chofe taksi, chofè moto, tout moun toutouni)
Ponpe nou ponpe, jiskaske n kraze latè
(Elèv lekòl, ouvriye, lapolis, tout moun toutouni)

Ki gwoup lè li rive ki fè tout stand yo souke?
(BC l ye, BC l ye, BC l ye, BC l ye)
Ki gwoup lè li rive ki fè moun mande anraje?
(BC l ye, BC l ye, BC l ye, BC l ye)

Mayo w la fè w cho (retire l)
Chemiz la fe w cho (retire l)
Kepi a fè w cho (retire l)
Tout sa ki fè w cho (retire l)

Souke, souke, souke, souke, souke, souke, (woy, woy)
Souke, souke, souke, souke, souke, souke (anmwey, tonnè)
Souke, souke, souke, (we-eh-eh)
Respè pa chèk, ou mèt kenbe l (tout moun nèt toutouni)
Woy! Barikad, men bon an (tout moun nèt toutouni) rale kò w la, fake

Si w renmen BC, retire mayo w, vire l anlè
(Senatè, depite, majistra, tout moun nèt toutouni)
Vire l vire l, fè l tankou vantilatè
(Nèg a vès yo, ti bredjenn yo, ti medam yo, tout moun toutouni)

Chofe, nou chofe, pi rèd pase lanfè
(Madan Sara, chofe taksi, chofè moto, tout moun nèt toutouni)
Ponpe nou ponpe, jiskaske n kraze latè
(Elèv lekòl, ouvriye, lapolis, tout moun toutouni)

(Wo-oh) ti fi a di manman l mèt mete l deyò (ou-wo-oh)
Paske l nan kanaval la, l pral toutouni (ou-wo-oh)
Kit li te Pòtoprens, kit li te andeyò (ou-wo-oh)
Depi l gen twa jou gra, fò l danse BC (ou-wo-oh)
Manman met men anlè, li tonbe rele (ou-wo-oh)
Li kapote l adwat, li tonbe rele (ou-wo-oh)
Li kapote l agoch, li tonbe rele (ou-wo-oh)

Mayestro
Mmix, Kazino Beats
Yo Hype, nou tout nèt se Ayiti
(Tout moun nèt toutouni)
Plake plat otomatik, de pat, kontinye