Notice: file_put_contents(): Write of 630 bytes failed with errno=28 No space left on device in /www/wwwroot/muzbon.net/system/url_helper.php on line 265
Emeline Michel - Jodiya | Скачать MP3 бесплатно
Jodiya

Jodiya

Emeline Michel

Альбом: Reine De Coeur
Длительность: 4:44
Год: 2007
Скачать MP3

Текст песни

Si jodi a m ta soti
M pa ta tounen aswè a
Sou tout rèv nou bati
Grif lanmò ta poze
Mwen pa vle regrete
Sa mwen te, si mwen ta
Mwen vle ba w san konte
Lamou san kalkile
San limit nèt ale
Se pou sa mwen vle w sonje

Jodi a
Si nou pa wè demen
Jodi a
M ap ba w tout sa mwen genyen
Jodi a
Pa chèche rezon
Ayayayay! Koulyè a
Se pi bon jou pou lanmou

Mwen gade w
Kè m kase
M pa wè kote tan w pase
W ap souri, w ap kouri
M wè Bondye egziste
Mwen swete pou ou vole
Kote m p ap janm rive
Pou w pa pè depase
Tout sa w imajine
Pou w pa janm pè tonbe
Se pou sa
Mwen vle w sonje

Jodi a
Si m pa wè demen, ayayayay!
Jodi a
M ap ba w tout sa m genyen
Jodi a
Pa chèche rezon
Ayayayay! Koulyè a
Se pi bon jou pou lanmou

Ou s'on koub
Ki chanje wout lavi m
M pa pè di
Mwen konn sa k pi fò ke renmen
Tout moun ka fè move zafè
Ou rete pi bèl bagay mwen fè