Notice: file_put_contents(): Write of 644 bytes failed with errno=28 No space left on device in /www/wwwroot/muzbon.net/system/url_helper.php on line 265
Emeline Michel - Payi Mwen Cheri | Скачать MP3 бесплатно
Payi Mwen Cheri

Payi Mwen Cheri

Emeline Michel

Альбом: Ban'M Pasé
Длительность: 4:49
Год: 2012
Скачать MP3

Текст песни

Chak moun fèt nan yon peyi
Mwen menm mwen fèt an Ayiti
Ayiti pòv, li tou piti
Se ladann m anvi mouri

Mizisyen nan tout peyi
Kapab plede chante bèl pwezi
Men se Samba lakay mwen sèl ki ka rele peyi yo
Cheri!

Sot kafou Benè pase Lavale
Savann Dezole
W a v al nan souvnans
Sodo mande chans
W a jwenn delivrans

Oh-oh, Ayiti, lamizè ou dwòl
Men ou chante libète an Kreyòl
Ou chante libète an Kreyòl

Oh-oh, Ayiti, lamizè ou dwòl
Men ou chante libète an Kreyòl
Ou chante libète an Kreyòl

Premye paradi koloni
Revolisyon se kout lanbi
Sezon sèk kou sezon lapli
Istwa peyi m se yon defi
Nesesite mèt separe
Frè m ak kouzen m aletranje
Ouh-ouh, bèl Ayiti, manman, cheri
Nou fout renmen w pou tout lavi

Soti Mayami, pase a Pari
An kalifoni
Lanmou pa trayi
Yon sèl kout tanbou fè nou vle mouri

Oh, mmmh, Ayiti, lamizè ou dwòl
Men ou chante libète an Kreyòl
Ou chante libète an Kreyòl

Oh-oh, Ayiti, lamizè ou dwòl
Men ou chante libète an Kreyòl
Ou chante libète an Kreyòl

Chak moun fèt nan yon peyi
Mwen menm mwen fèt an Ayiti
Ayiti pòv, li tou piti
Se ladann m anvi mouri

Mizisyen nan tout peyi
Kapab plede, plede chante bèl pwezi
Men mwen menm mwen konn pouki
Mwen ka rele peyi pa m
Cheri!

Oh-oh, oh-oh
Cheri!