San Filtè
Vayb
5:09JOU PA W Lyrics: K-dilak Mesaje a, Benjamin Guirand CHORUS Men Jou pa w la gen pou l rive Avèk pasyans Bagay yo ap chanje Men Jou pa w la gen pou l rive Fè mwen konfyans Bagay yo ap chanje Se tankou sou you kwa Ke ou klouwe Se tankou tout pouvwa Pa ekzose Ou vag lavi pafwa Souf l’ap koupe Vye van dezespwa fè w santi w Dezaprouve Menm si w pa jwenn okenn koulwa Okenn espwa okenn mouchwa Lè w ap kriye pou je w siye chak fwa Moman yo nwa Menm lè w santi w gen yon gwo pwa K ap peze chans bonè w pafwa Yon jou kanmenm wòch la gen pou l woule CHORUS Men Jou pa w la gen pou l rive Avèk pasyans Bagay yo ap chanje Men Jou pa w la gen pou l rive Fè mwen konfyans Bagay yo ap chanje Ou pran nan w toubiyon Solèy pa leve Lavi w tankou yon sentiwon Devenn atache Se tankou yon miwa tristès k afiche Menm lonbraj ou pa souri ba w Moral w’a zewo Menm si w pa jwenn okenn koulwa Okenn espwa okenn mouchwa Lè w ap kriye pou je w siye chak fwa Moman yo nwa Menm lè w santi w gen yon gwo pwa K ap peze chans bonè w pafwa Yon jou kanmenm wòch la gen pou l woule Lawouze pral tonbe l ap awoze Granm maten rèv ou sonje gon w bondye Lawouze pral tonbe l ap awoze Zèb bonè w yon jou kan menm pral pouse Ou se wozo Ou mèt pliye Ou pap kase Mwen di fòk ou kenbe Kenbe (2 fwa) Pa janm dekouraje Fo w kenbe Jou pa w gen pou l rive (BIS) W ap rekolte tout saw plante Jis travay di pa janm kanpe Kwè nan tèt ou kwè nan fòs ou Fo w lite Si maladi mete w kouche Si w santi souf w’ap koupe Bondye ap veye w Epanye w de eprèv yo Mwen di fòk ou kenbe Kenbe (2 fwa) Pa janm dekouraje Fo w kenbe Jou pa w gen pou l rive (BIS) Lè w ap gade jan w ap trennen Tout moun ap di w pap janm anyen Kwè nan tèt ou kwè nan fòs ou Fò w lite Toutotan zye w poko femen Konnen mirak ka fèt demen Bondye ap veye w Epanyew de eprev yo Ou se wozo Ou mèt pliye Ou pap kase Ref: Men Jou pa w la gen pou l rive Avèk pasyans Bagay yo ap chanje Men Jou pa w la gen pou l rive Fè mwen konfyans Bagay yo ap chanje