Jou Pa W
Vayb
5:32PA PÈ Lyrics: Fritz-nel JOSEPH M fè yon chwa nan lavi m Ki mete m nan trajedi M pat vle sa pran lari M oblije kenbe pandan m’ap soufri M ap sibi yon gwo mal Men m pa vle rann mal pou mal M te vle kenbe relasyon sa Jiskaske kè m febli l tonbe nan koma Ref: Byen mwen pou mwen Mal mwen pou mwen Sak rive m se pa mwen Pa gen plenyen oh Byen mwen pou mwen Mal mwen pou mwen Sak rive m se pa mwen Pa gen plenyen Chwa sa Moun sa Moman sa Pi move desizyon nan vi mwen Desizyon nan vi an mwen Dim se granmoun Mwen pa timoun M pap pran konsèy moun Sa ta pral koute lavi mwen Nan manje san enfome Kè m anpwazone Ref: Byen mwen pou mwen Mal mwen pou mwen Sak rive m se pa mwen Pa gen plenyen oh Byen mwen pou mwen Mal mwen pou mwen Sak rive m se pa mwen Pa gen plenyen Kè m ap dechire M pa pale Kè m ap dechire M pa pale M ap pran responsablite mwen M ap kriye pou kont mwen M ap pran swen kè mwen M ap pran men mwen M pa pè ( bis ) M pa pè rekòmanse M pa pè ( bis ) Repran lavi m o serye M pa pè ( bis ) Kè mwen mèt dilate M pa pè ( bis ) M pap janm pè afronte Kè m ap dechire M pa pale Kè m ap dechire M pa pale M ap pran responsablite mwen M ap kriye pou kont mwen M ap pran swen kè mwen M ap pran men mwen M pa pè ( bis ) M pa pè rekòmanse M pa pè ( bis ) Repran lavi m o serye M pa pè ( bis ) Kè mwen mèt dilate M pa pè ( bis ) M pap janm pè afronte