Notice: file_put_contents(): Write of 614 bytes failed with errno=28 No space left on device in /www/wwwroot/muzbon.net/system/url_helper.php on line 265
Vayb - Ouvè Pòt La | Скачать MP3 бесплатно
Ouvè Pòt La

Ouvè Pòt La

Vayb

Альбом: Mayday
Длительность: 5:13
Год: 2023
Скачать MP3

Текст песни

OUVÈ PÒT LA
Lyrics: Jude Deslouches

Si kè mwen te ka pale
Mwen ta di w sa m resanti pou ou
Tout sa mwen anvi di w
Pawòl paka eksprime
Si lanmou te lapriyè
Ta priye bondye jouk nan lanfè
Pou li ka fè w konpran
Jan ou konte pou mwen

Men jodia mwen devan w
Avèk tout sa m ye sa m posede
Tout sa m vle di w mwen vle viv
Avè w pou letènite

Si kè m te konn fè mizik
Li ta vinn soufle nan zorèy ou
Tout bèl ti melodi ke vwa mwen paka chante
Si rèv te reyalite mwen tap menenw yon ti kote
Ki gen bèl sous dlo k ap koule
Yon paradi mwen imajine
Kot lanmou pap effase

Men jodia mwen devan w
Avèk tout sa m ye sa m posede
Tout sa m vle di w mwen vle viv
Avè w pou letènite

Ref:
ouve pot la pou mwen
ouve pot la pou mwen
nan kew mwen vle rantre
cheri ouve banm pase

Menm si m pa gen lò ak dyaman
M ap toujou fè ti kè w kontan
Renmen w pou tout tan
Lanmou nou an
Se sa k pi impotan

Mwen prè pou ba ou sa m posede
Ba ou tout lavi m tout antye
Devan lèzòm
Devan bondye
Se ou mwen vle baby

Ref:
ouvè pot la pou mwen
ouvè pot la pou mwen
nan kew mwen vle rantre
Cheri ouve banm pase